Lè ou itilize ChofeMoto ou aksepte: (1) bay enfòmasyon ki vre; (2) respekte chofè ak kliyan; (3) pri fiks la se pri final la — okenn negosyasyon; (4) ChofeMoto se yon platfòm mizanplas — kontra transpò a se ant kliyan ak chofè; (5) vyolans, fwod, oswa fo dokiman = kont sispann pou tout tan.
Chofè dwe gen lisans valid, moto ki an bon eta, epi respekte règ sikilasyon.